Divisions & Conferences

Depatman Amazon

41824 amazon-bannerupdate

This page is also available in: English Español (Spanish) Français (French)

Pandan yon dizèn ane, Amazon mete pwofi anvan sekirite ak mwayen pou viv anplwaye ki ap fè konpayi a fonksyone. Nan tèt kole, nou kapab chanje sa a. Se pou rezon sa a, anplwaye Amazon atravè tout peyi a mete tèt ansanm pou yo goumen pou yo jwenn travay ki san danje ak salè ki jis yo merite a.

Amazon Teamsters te fè listwa nan lane 2024 lè yo te lanse pi gwo grèv nasyonal ki te janm òganize kont Amazon. Grèv nou te fè a te lanse yon mesaj ki klè: Amazon Teamsters p ap gade dèyè, epi sa nou te fè a se te twòkèt la.

Anplwaye Amazon yo ap òganize avèk Sendika Teamsters la ki gen 1.3 milyon manm. Lè nou ini avèk santèn milye lòt moun nan sendika Teamsters ki nan sektè lojistik la, sòti nan UPS pase nan DHL, nou kapab jwenn yon kontra kolektif ki garanti salè ki san patipri ak pwoteksyon solid nou bezwen yo. Ranpli fòm anba a pou jwenn plis enfòmasyon epi pale ak yon òganizatè Teamsters.

Pale ak yon Òganizatè

Ou vle òganize yon sendika Amazon oswa jwenn enfòmasyon sou dwa anplwaye Amazon? Ranpli fòm anba a pou jwenn plis enfòmasyon epi pale ak yon òganizatè Teamsters. Tout konvèsasyon yo ap konfidansyèl.

Anplwaye Amazon Yo Gen Dwa!

Kòm anplwaye Amazon, nou kapab pote chanjman nan travay ak peman nou si nou travay men nan men pou mande sa nou vle – epi nou gen dwa pou nou fè sa dapre lwa federal yo! 1

Lalwa ba nou pwoteksyon legal pou aji avèk kòlèg Amazon nou yo pou amelyore kondisyon nan travay la.

Anplis, nou gen pi plis pouvwa pou pote vrè chanjman nan Amazon lè nou aji ansanm. Tout bagay anplwaye yo genyen nan Amazon – tankou ogmantasyon salè epi kanpe ak sanksyon ki pa jis yo rive apati demann nou fè kòm gwoup òganize! 2 2

Men kèk egzanp aktivite nou kapab fè ki pwoteje dapre lalwa:

Li ilegal pou Amazon pèsekite, sanksyone, desann grad, revoke oswa penalize nou nan okenn fason 3 paske nou angaje nan aktivite sa yo – oswa menm menase pou fè nenpòt nan bagay sa yo, oswa pou poze nou kesyon sou aktivite sa yo.

Li p ap fasil pou nou jwenn chanjman nan Amazon. L ap mande pou nou fè anpil konvèsasyon avèk kòlèg yo, fè reyinyon lè nou pa nan travay pou òganize, fè plan pou pwoteste kont jesyon an, epi menm fè grèv pou nou jwenn sa nou merite nan men Amazon.

Lè nou itilize dwa nou genyen pou òganize, epi lè nou itilize fòs nou genyen pa rapò ak kantite nou, pa gen anyen nou pa kapab fè. Alò, si ou se yon moun k ap travay nan warehouse, chofè k ap fè livrezon, oswa k ap travay nenpòt kote nan Amazon kontakte nou la a.


[1] Lwa – Lwa Nasyonal Sou Relasyon Nan Travay (National Labor Relations Act) – fè konnen nou gen dwa pou angaje nan “aktivite pou nou pale ansanm, epi ki gen pou objektif negosye yon fason kolektif, oswa pou jwenn lòt fòm èd oswa pwoteksyon pou nou tout.” Pifò moun k ap travay nan sektè prive gen pwoteksyon selon lwa sa a, li gen ladan l anplwaye Amazon. Moun ki ap travay ki pa gen pwoteksyon yo se: moun k ap travay nan sektè agrikòl, moun k ap travay nan sektè domestik, antreprenè endepandan ak sipèvizè. Gen kèk moun k ap travay nan konpayi avyon ak konpayi tren ki gen pwoteksyon dapre menm lwa a, Lwa Sou Travay Railway la, epi pifò anplwaye nan sektè piblik la gen pwoteksyon daprè menm lwa a.

[2] Gen kèk aktivite moun fè ki gen pwoteksyon, tankou: Pale nan non lòt anplwaye yo; eseye konvenk lòt anplwaye yo pou yo vin manm epi travay ansanm pou amelyore kondisyon yo nan travay; epi depoze yon plent kont yon konpayi nan Konsèy Nasyonal Pou Relasyon Nan Travay (National Labor Relations Board).

[3] Epitou, Lwa Nasyonal Pou Relasyon Nan Travay fè konnen okenn konpayi pa kapab “anpeche, limite oswa fòse anplwaye yo nan egzèsis lalwa garanti yo.” Pa egzanp, youn nan bagay Amazon pa kapab fè legalman kòm repons ak aktivite kolektiv nou an se: revoke oswa desann grad anplwaye yo; fè obligasyon pou bay nouvo papye pou kenbe travay la; transfere anplwaye yo nan lòt adrès; kontakte fòs lòd yo, li gen ladan l ICE; diminye salè, lè travay, oswa avantaj yo; fè li plis difisil oswa bay mwens anvi pou travay tankou nan chanje orè travay, refize lè travay anplis, oswa separe anplwaye yo; oswa menase pou fè nenpòt nan bagay sa yo.

Kesyon Moun Poze Souvan

Kisa ki yon sendika?

Yon sendika se lè ou menm ak kòlèg ou yo mete tèt ansanm, epi itilize pouvwa nou pou mande bon jan kondisyon travay nou merite a. Yon sendika se pa sèlman yon gwoup deyò k ap vin rezoud pwoblèm yo pou ou. Si ou menm ak kòlèg ou yo pare pou travay epi kanpe ansanm, nou kapab ranpòte viktwa a.

Kijan mwen kapab òganize yon sendika avèk kòlèg mwen yo?

Ranpli fòm sa a, konsa yon responsab Teamster kapab kontakte w epi ofri w konsèy espesyalize. Pou òganize yon sendika li ap mande anpil konvèsasyon avèk kòlèg ou yo, epi l ap mande pou mete sou pye yon komite ki gen kòlèg ki pare pou travay. Epitou, ki pare pou dirije sendika ou a. Lè nou fenk kòmanse tout konvèsasyon sa yo ap konfidansyèl, konsa konpayi a kapab okouran sèlman lè nou pare.

Poukisa mwen dwe òganize avèk Teamsters?

Nou se yon santèn chofè k ap fè livrezon ak moun k ap travay nan warehouse atravè peyi a, epi nou pran angajman pou ranfòse pouvwa nou ansanm ak moun k ap travay nan Amazon. Epitou, pou nou jwenn bon jan kalite travay nou merite a.

Èske sendika Teamsters la se pou moun k ap travay nan warehouse oswa chofè yo?

Toulède! Teamsters se pi gwo sendika pou moun k ap travay nan warehouse ak chofè nan peyi a. Moun k ap travay nan warehouse ak chofè Amazon ap òganize epi ranfòse pouvwa yo avèk Teamsters kounye a.

Èske gen moun k ap travay nan warehouse Amazon ki fè pati sendika a deja?

Wi. Nan lane 2023, premye gwoup moun k ap travay nan Amazon te òganize yon sendika avèk Teamsters nan California. Gen pi plis toujou aktyèlman k ap òganize nan warehouses ak DSP yo, epi y ap anonse sendika yo a lè bon moman an rive.

Èske Amazon kapab revoke m paske m òganize yon sendika?

Li pa legal pou revoke oswa sanksyone yon moun k ap travay nan okenn fason paske li òganize yon sendika, oswa paske y ap pran lòt mezi pou amelyore kondisyon travay yo ansanm ak kòlèg yo. Men jan nou konnen, Amazon pa respekte lalwa toutan. Se pou rezon sa nou kenbe tout aktivite nou yo konfidansyèl, konsa responsab Amazon yo p ap konnen nou ap òganize nou jiskaske ou menm ak kòlèg ou yo konstwi pouvwa kolektiv nou bezwen pou pwoteje tèt nou. Ou kapab li plis sou dwa ou yo nan Seksyon Konnen Dwa Ou Yo.

Konbyen tan sa ap pran anvan nou jwenn yon kontra?

Li depann. Jeneralman, annik òganize yon sendika pa sifi pou jwenn tout sa nou merite nan men yon gwo konpayi tankou Amazon. Nou se moun k ap leve bwat yo, epi k ap fè konpayi sa a fè lajan. Pou rezon sa a n ap bezwen itilize tout pouvwa sa a pou nou jwenn bon jan salè ak bon kondisyon travay nou bezwen.

Mwen pa vrèman konnen okenn kòlèg mwen yo. Èske Teamsters ap pale avèk tout kòlèg mwen yo pou mwen?

Non, sendika ki solid yo pa janm òganize ak moun ki sòti deyò ki vin fè tout travay yo. Responsab Teamster yo ap la pou sipòte ou pandan tout pakou a, men se ap responsabilite ou menm ak kòlèg ou yo pou gen konvèsasyon reyèl avèk lòt moun k ap travay yo pou konstwi sendika sa a.

Konbyen kòb kotizasyon pou sendika ap ye?

Kòb kotizasyon pou sendika a se lajan manm sendika a deside mete ansanm pou konstwi yon sendika ki solid. Kòb sa a varye nan yon zòn a yon lòt. Frè finansye kotizasyon yo pi piti anpil pase salè ki pi wo, pi bon avantaj ak pi bon kondisyon travay moun k ap travay ki nan sendika a jwenn gras ak pouvwa kolektif yo.

Kijan chofè Amazon yo fè òganize sendika, si y ap travay pou moun ki gen kontra men pa pou Amazon?

Nou konnen Amazon kontwole chak aspè nan travay nou kòm chofè. Nou konnen san nou menm livrezon Amazon yo t ap kanpe nèt tou. Lè nou òganize yon sendika, Amazon ap gen obligasyon legal pou li negosye avèk nou sou chak aspè travay ki sou kontwòl yo. Epitou, n ap gen pouvwa ansanm pou fòse l fè sa.

Mwen renmen pwopriyetè DSP mwen an, èske sa p ap deranje l si nou òganize nou?

Gen anpil pwopriyetè DSP ki ap sibi nan men Amazon tou. Yo angaje atravè kontra ki pa jis, epi ki fè li difisil pou yo fè lajan pou yo viv san yo pa maltrete chofè yo. Lè chofè Amazon yo òganize, li ta dwe nan avantaj pwopriyetè DSP a tou.

@amazonteamsters